Buy from our bookstore and 25% of the cover price will be given to a school of your choice to buy more books. *15% of eBooks.
Audiobooks Narrated by Dieu-Nertha Gregoire
Browse audiobooks narrated by Dieu-Nertha Gregoire, listen to samples and when you're ready head over to Audiobooks.com where you can get 3 FREE audiobooks on us
Èske w ap chèche yon fason pou apwoche sijè adopsyon an ak pitit ou? Men, yon fason ki inik. Yon ti fi yo te adopte te deside pou li vwayaje pou premye fwa an Ayiti pou l al rankontre ak fanmi matènèl li yo. Paran adoptif li yo te akonpanye l, men li te pè anpil.
Poukisa paran matènèl li yo pa t kenbe l?
Èske li te genyen kèk pwoblèm?
Èske se paske li te tèlman diferan ki koz yo pa t kite l rete ak yo an Ayiti?
Kijan de moun yo ye?
Pandan li rive nan vilaj kote li te pran nesans lan, li te fè anpil eksperyans. Li rankontre frè ak sè li yo ak yon chat ki te genyen yon sèl grenn je. Rankont li ak chat la te enpresyone l anpil e sa te atire lespri l anpil tou. Istwa l ak chat la te tèlman dire lontan nan lespri l pou Suzette se sa a ki te kle vwayaj la.
Vin swiv Suzette nan avanti sa a pou l jwenn tout verite ki andedan fon kè l.
Avèk anpil eksplikasyon, ak yon langaj fasil, liv sa a touche sijè adopsyon ak tout santiman yon timoun ka santi lè li rankontre fanmi matènèl li.
Li se yon bèl liv sipò, pou paran adoptif yo, oswa yo ka itilize l nan lekòl pou pale timoun yo de diferan kalite fanmi ki egziste.
Manman, Mwen Bezwen Wou Mwen Yo se yon liv timoun ki pale de lè timoun ap aprann monte bisiklèt san wou sipò yo.
Edi se yon timoun ki ta renmen anvi monte bisiklèt li a, men wou sipò yo te disparèt! Papa l te retire yo pou Edi te ka aprann monte bisiklèt san wou sipò yo. Men, Edi te abitye monte bisiklèt ak wou sipò yo, e sa te fè kè l pa t kontan.
Èske n te konnen monte bisiklèt te ka difisil konsa?
Lè Edi fè aksidan ak bisiklèt la epi li tonbe, li te prè pou l bay vag.
Èske Edi ap janm ka aprann monte bisiklèt san wou sipò yo?
Vin wè si monte yon bisiklèt ka vin pi fasil san wou sipò yo!
Liv Jeanne Fortune nan. Manman, Mwen Bezwen Wou Mwen Yo aprann timoun:
· Enpòtans pratik genyen lè w ap aprann yon bagay pou premye fwa.
· Kijan ou sipoze genyen pasyans, epi pou ou pa bay vag lè bagay yo parèt difisil.
· Kijan pou ou repare erè ou yo epi pran leson nan lavi a.
Si pitit ou a te renmen Franklin Rides a Bike (Franklin Ap Monte Bisiklèt) otè Paulette Bourgeois te ekri a, oubyen Dick on a Bike (Dick Sou Yon Bisiklèt) otè David Shannon te ekri a, enbyen, “Manman, Mwen Bezwen Wou Mwen Yo” se yon liv pou pitit w a li.